Fre lekòl pou rezidan eta yo ak asistans finansye eta MA a

 

 

Fre lekòl pou rezidan eta yo ak asistans finansye eta Massachusetts la

Rezidan eta Massachusetts k ap asiste kolèj kominote ak inivèsite eta piblik yo (M.G.L. c.15A, seksyon 5) kapab benefisye ni rabè fre lekòl, ni pwogram bous eta ak pwogram prete lajan eta yo.

Fre lekòl pou rezidan eta yo

Fre lekòl espesyal ki disponib pou rezidan eta yo se pa menm bagay ak asistans finansye. Fre lekòl pou rezidan eta yo se rabè fre lekòl ki disponib pou rezidan Massachusetts ki asiste inivèsite yo. Rezidan Massachusetts yo kapab kalifye pou rabè sa yo menmsi yo ranpli aplikasyon pou asistans finansye federal oswa asistans finansye eta yo. Rabè fre lekòl sa yo parèt sou kont elèv la, e yo fè l mwen chè pou l asiste lekòl pase si l te peye fre nòmal lekòl la.

Gen 2 chemen pou moun pran pou kalifye pou fre lekòl rezidan eta yo si y ap asiste yon kolèj kominote piblik, inivèsite eta piblik, oswa Inivèsite Massachusetts la:

Asistans lekòl eta Massachusetts la

Pou fè yon aplikasyon pou asistans lekòl eta a, elèv yo dwe ranpli youn nan aplikasyon ki vin apre yo:

Lòt resous yo

Si w gen nenpòt kesyon konsènan rabè fre lekòl pou rezidan eta yo ak kalifikasyon yo pou asistans finansye eta a, tanpri kontakte Biwo Asistans Finansye Elèv yo nan 617-391-6070 oswa nan osfa@osfa.mass.edu.

Si w gen nenpòt kesyon konsènan kalifikasyon ak dokiman obligatwa yo pou Moun ki konplete lekòl segondè, tanpri gade paj kesyon moun poze souvan (FAQ) nou an, oswa voye yon imèl nan tuitionequity@dhe.mass.edu.

Si elèv yo gen nenpòt kesyon konsènan estati imigrasyon yo, kalifikasyon pou fre lekòl pou rezidan eta yo, oswa asistans finansye eta a, yo dwe pale ak yon avoka imigrasyon eksperimante yo fè konfyans. Gen kèk resous lokal, tankou sa ki ekri pi ba yo, ki kapab ede yo. Si elèv yo pa ka jwenn yon avoka tousuit, nou rekòmande yo pale ak yon konseye yo fè konfyans ki nan kanpous lekòl:

In-State Tuition Rates and MA State Financial Aid